Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Society & Culture
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA lanse pou madi 15 desanm 2020 devan Misyon Etazini nan LONI (45th St ak 1st Ave. nan Manhattan)
Konbit pou Ti Mache k ap fèt Vandredi 11 desanm nan lokal Flanbwayan an 206-208 Parkside Avenue nan Brooklyn nan
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn: dewoulman dosye pwosè legal kont fanmi ansyen Prezidan Danilo Medina pou dwèt long siperyè; Virewon ti komik Claude Joseph nan Repiblik Dominikèn ak manti msye ap sikile sou vwayaj la; Aktivite ki te fèt nan peyi a pou make 9 lannen depi Vanyan Sonia Pierre fè travèse li
Nouvèl:
-Jovenel siyen deklarasyon Gwoup Lima ki di eleksyon ki fèt Venezyela dimanch lan ilegal epi li pa gen okenn lejitimite
-Akizasyon krim seksyèl kont 2 lòt manm Federasyon Foutbòl Ayisyen
-Atik nan jounal Haitian Times kote alatèt divès legliz nan Brooklyn nan k ap plenyen jan lajan yo jwenn nan men fidèl yo bese nan sezon Kovid-19 la
-Ekspè k ap gade tanperati planèt la rapòte mwa novanm ki sot pase a se mwa novanm ki pi cho yo janm anrejistre
-Òganizasyon Panamerikèn Lasante di yo mete yon kantite vaksen akote pou charite Ayiti
-Majistra lavil NY la Bill deBlasio fè konnen semèn pwochèn nan vaksen kovid-19 la ap ateri nan zòn nan; Plis dout, plis kesyon sou vaksen yo
Liy ouvè ak oditè yo
Gouvènman Meriken an anonse pwolongasyon 9 mwa TPS pou imigran ki soti Ayiti, Èlsalvadò, Nepal, Nikaragwa, Onndiras, ak Soudan
Atik Lyonel Trouillot ekri pou denonse Érol Josué ke Martelly te nome direktè Biwo Etnoloji ki mete grif li deyò pou l defann patwon li
Anons
Create your
podcast in
minutes
It is Free